Jeremi : “Operasyon plante pye bwa nan antouraj sous dlo yo”, se yon inityativ direktè depatmantal Anviwonman an.

470
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè depatmantal ministè Anviwonman an, Kelly Maxia, ak sipò kèk òganizasyon non gouvènmantal, tankou EPER ak Action-Aid kontinye jodi “Jounen Anviwonman an”, operasyon plante pye bwa nan Anviwonman sous dlo yo, nan Kafou Sanon, nan Jeremi.

Daprè Direktè depatmantal Anviwonman an, non sèlman mànm popilasyon an, dwe plante plis pye bwa pou pwoteje anviwonman an ak sous dlo peyizan yo, men tou, yo dwe koupe fache ak itilizasyon plastik kap polye anviwonman nou yo.

Enjeneral, yon pòtfèf minis anviwonmantal nan peyi Dayiti, se yon pozisyon ke gouvènman yo lage nan men konpayèl politichyen parèy yo ki pa genyen anyen pou wè avèk, pwezèvasyon, pwoteksyon ou amenajman anviwonmantal. Se yon bwat ki egziste sou non, men poutan sangwen kapab fè gagòt san jamè bay rezilta.

Yon politik rebwazman ak regilasyon kont moun ki mete lavi moun pi andanje nan koupe pye bwa, se bagay ki kapab figire nan agenda dirijan apatrid ou idyo kap efondre pwòp tèritwà yo.

Share:

Leave a reply