CSPJ nome yon nouvo dwayèn nan tèt tribinal premyè enstans Pòdpè a.

745


05 – 06 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Madam Maude Jean Baptiste, se non nouvo dwayèn tribinal premyè enstans Pòdpè a.

Li ranplase nan pòs sa a, mèt Kepler Desravines, ke tout moun konnen sou non “Ti Doudou”, ki te kenbe dekana a pandan yon ti bout tan apre lanmò mèt Yves Marie Périclès.

Li enpòtan pou konnen, ke Madam Maude Jean Baptiste, se sèl jij denstriksyon ki genyen yon manda ki pako ekspire nan jiridiksyon Nòdwès la.

Comments are closed.