Iran : Yon jèn gason 30 lane fizye ak yon Kalachnikov 12 manm nan fanmiy li

824

02 – 17 – 2024

Teheran, Iran____(TRiboLAND) nan yon zòn riral rekile, rejyon sides peyi Iran, yon jèn gason 30 lane fizye ak yon Kalachnikov 12 manm nan fanmiy li jodi samdi 17 fevriye 2024 la.

Se zak fiziyad ki pi trajik ki pa janm pase nan peyi Iran depi plizyè deseni, dapwè sa Ebrahim Hamidi, chèf depatman jistis la nan pwovens Kerman deklare bay lapwès, kote ke li konfime akoz konfli familyàl, kriminèl la fizye papa, frè li ak plizyè lòt manm nan fanmiy li byen bonè maten an nan yon vilaj.

Nap raple, nan lane 2016, yon jèn gason ki te genyen 26 lane te komèt pwèske menm zak la. Nan yon lokalite riral nan peyi Iran, li te arive fizye 10 manm nan fanmiy li.

Comments are closed.