Pou make Jounen Mondyal Sida a nan Grandans, direksyon depatmantal sanitè a, òganize divès aktivite

895

12 – 02 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou tèm “Kominote yo devan nan batay la pou kwape Sida”, an kolaborasyon ak moun kap viv jèm Sida a, direksyon depatmantal sanitè Grandans, mache atravè divès ri nan vil Jeremi apwèmidi premye desanm 2023 a.

Objektif yon parèy mouvman, se jis pou sansibilize sosyete a sou konpòtman yod we afiche fas ak moun kap viv ak jèm sida a. Genyen jèm sida a, pa vle di pou otan lavi fini. Konsa, responsab yo rete kwè: si yon konsène respekte prensip yo, li pran medikaman atan, l’ap kapab viv pou lontan, e pap genyen posibilite pou PVIH lan transmèt enfeksyon an bay lòt moun ki pa genyen l.

Direktè depatmantal sanitè a, doktè Angello Duvelson, ak Kòdonatris, pwogram lan, Mis Bibiane Sanon, te eksprime satisfaksyon yo, akoz anpil moun ki tap viv ak jèm sida a temwaye kòman yo ap viv byen jounen jodi a.

Comments are closed.