Pou pipiti 20 moun kidnape nan Lakwa Peris, pami yo, yon pwomotè ak yon pwofesè lekòl.

1,120

20 pasaje kite abò yon ti pikòp kidnape, se aksyon malonèt gang kriminèl Lakwa Peris yo, nan komin Lestè, depatman Latibonit.

05-25-2023

Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi yo kòmanse ap retounen ak tout fòs. Malfwa sangwen nan baz Kokorat San Ras, kap opere san enkyetid nan zòn Lakwa Peris, kidnape pou pipiti 20 pasajè, pami yo, yon jèn gason ki rele Beltinor Loudjy ak yon pwofesè kap travay nan lise Dèdin.

Beltinor Loudjy

Pasaje sa yo ki tap vwayaje sou yon ti machin trafik, kidnape ayè mèkredi 24 me 2023 a, kote bandi ap mande gwo magogo lajan pou libere yo, dapwè yon sous nou fè anpil konfyans.

Pandan bandi yo ap kontinye fwape nan zòn Lestè, bandi yo nan lokalite Tibwadòm toujou nan linye Latibonit ak depatman Nòdwès la, pa chome nan boukantaj kout zam ak PNH la, jounen jedi 25 me 2023 a.

Comments are closed.