Gouvènman an mande FBI bourad nan dosye Me Dorval la

464

09\17\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Daprè yon sous ministè Lajistis, gouvènman Moise-Jouthe la ta sanble solisite ekspètism ou sèvis entelijans Federal Bureau of Investigation (FBI) nan kad pou chèche fouye zo nan kalalou sou sa ki gen pou wè avèk asasen ou otè entèlèktyèl krim batonye Me Monferrier Dorval la.

Antouka, nan sousi pou delivre yon ankèt ki gen nen nan figi, otorite yo ap trese lèl pou makònnen travay DCPJ yo avèk espesyalis sèvis federal Polis jidisyè peyi Etazini yo.

Antretan, Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) a odisyone jodi jedi a nan pakè Pòtoprens kat sispèk yo nan kad ankèt pèsòn responsab krim wonte sa. Prezume sa yo tou swit aprè odisyon, te transfere imedyatman nan penitansye nasyonal.

Comments are closed.