Doktè ki pi popilè nan Amerik la, ap resevwa anpil gwo menas lanmò

0 406

Dr. Anthony Fauci, youn pami pi gwo popilè doktè pou maladi enfektyez nan Etazini, e ki fè pati ekip syans medikal kap batay ak kowonaviris la pou gouvènman Trump lan, oblije anba pwoteksyon espesyal FBI apwè ke li te resevwa yon latriye menas lanmò ki sòti bò kote gwoup ekstremis.

Gwoup ekstremis sa yo repwoche Dr. Fauci dèske te deside pote kèk koreksyon nan kèk remak pwezidan Trump tap fè. Ofisye Sekirite yo konfime ke yo mete Dr. Fauci anba gwo tonton suveyans sekirite, kote key o ap monitè rezidans pwive li 24/7.

Pou yon seri òganizasyon radikal, yo wè nan Dr. Fauci kòm yon moun ki pat dwe kanpe e di pwezidan Trump ouvètman tout sa ki dwe di avèk tout verite. Konsa, li pa pè di sa li panse! Nan menm sans lan tou, genyen  yon lòt gwoup  ki se pi gwo detraktè pou pwesidan Trump, wè nan Dr. Fauci yon “Ewo” ki pa pè kanpe devan pwezidan Trump pou bay opinion li.

Pwesidan Trump bò kote pa li, pat pran tan pou kouri bay sipò li pou doktè a, pandan ke li deklare ke “Dr. Fauci pa bezwen sekirite paske tout moun renmen li. E answit, yo ap nan gwo pwoblèm si yo ta atake li”.

Leave A Reply