Repiblik Dominikènn: Mwens pase 47 ka kovid-19 konfime apwè gwo Karavann Pelerinaj Puerto Plata a

0 336

Sen Domeng___(TRiboLAND) Apwè gwo kòkenn chenn karavann “ pelerinaj Villa Altagracia,” Mildomio Adames, genyen 47 nouvo ka konfime ki anrejistre nan Puerto Plata.

Dapwè bilten nimewo 46 Ministè Sante piblik la nan dènye èd tan sa yo. Menm bilten sa fè eta mò adisyonèl sou yon afè 17 mò ki te deja anrejistre nan Puerto Plata.

Dimanch ki te 26 Avwil la, plizyè santènn moun te pase anba pye mezi sou distansyasyon sosyàl la, kote ke pelerinaj ki te demare depwi Villa Altagracia pou ale depoze yon kwa sou plaj Camacho nan objektif pou fè disparèt kowonaviris la sou tèritwa dominken an.

Konsa, se akoz ekzòd massif moun sa yo ki te patisipe nan karavann nan, ki fè otorite yo te oblije mete Puerto Plata anba yon kòdwon epidemyoloji pou 7 jou kap ekspire jodi Madi 5 Me a. Pou dènye semènn sa, genyen chak jou yon montan 6.57 nouvo ka konfime nan Puerto Plata ki venn mete RD a 8,235 plis 281 nouvo enfekte yo. Peyi panyòl la jouska pwezan anrejistre plis pase 345 moun ki mouri.

Leave A Reply