Dosye asasinay Jovenel Moise la transfere nan kabinè enstriksyon

826

08/04/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Li pwan Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) ak ajan FBI yo pwèske yon mwa fouyapòt ak ramasaj evidans e materyèl konviksyon ki asosye ak asasinay pwezidan Jovenel Moise la.

Konsa, jodi mèkredi 4 wout 2021 an, kabinè enstriksyon mete men sou dosye lanmò chèf deta a. Se yon pwosesis ki deja genyen anpil kout tèt ladan l ak menas lanmò, alegasyon san konte falsifikasyon evidans. Sepandan, responsab jidisyè yo pwàl genyen pou triye yon jij avan lontan ki pwàl pwan an chaj yon parèy dosye ki cho kon vè lanp.

Kritik yo estime peyi a pa pare pou reponn ak yon seri egzijans konplèks ke yon parèy dosye mande. Se yon veritab sistèm jidisyè ki pouri, fèb e ke kèk antite kadejakè kidnape pandan yap pwoteje jij malonèt kòwonpi, dapwè yon seri kritik ki lye ak òganizasyon kap fè pwomosyon dwà moun anndan peyi a.

Comments are closed.