Egliz katolik efektye divès chanjman onivo Acheveche Pòtoprens

259

09\17\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Mèkredi 16 septanm 2020, Monsenyè Max Leroy Mésidor prosede ak nominasyon 6 kire ak 2 direktè dyosezen ak yon vikè jeneral pou Achidyosèz ke lap dirije a.

Achidyosèz Pòtoprens la ki anba lobedyans Egliz Katolik fè sòti yon nòt ki fè eta 9 nominasyon pè ki gen pou antre an fonksyon nan mwa oktòb kap vini la.

  1. Reveran Pè Guetchine Anicette, Kire Saint-Gérard nan Sous Matla.
  2. Reveran Pè Guy Boucicaut, Kire Saint-Martin ak Saint-Yves nan Delmas 5.
  3. Reveran Pè Tony Chadique, Kire Sainte Famille, Belo.
  4. Reveran Pè Lyonel Colin, Direktè dyosezen pastoral jèn yo.
  5. Reveran Pè Frandzy Pétit-Homme, Direktè dyosezen pastoral inivèsitè.
  6. Reveran Pè Francky Désir, vikè jeneral ki an chaj administrasyon Achidyosèz Pòtoprens la.
  7. Reveran Pè Sander Louis-Jean, Kire Katedral Pòtoprens la.
  8. Reveran Pè Garry Chrispin, Kire Pawàs Notre-Dame du Rosaire nan Kwa Dèboukè.
  9. Reveran Pè Jean Gérard Horelle Fleuriscat, Kire Notre-Dame de Lourdes, Site Militè.

Comments are closed.