FBI efektye yon gwo fouy nan rezidans prive Ariel Henry nan Vivy Mitchell.

985

03 – 10 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Bagay lan sanble pap dous pou premye minis anfoudraye ayisyen an, Ariel Henry. Dapwè yon sous polisyè ke sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fè anpil konfyans ta fè kwè, ajan FBI yo, efektye jounen dimanch 10 mas 2024 la, yon fouy minisyez nan rezidans premye minis anfoudraye a, nan lokalite Vivy Mitchell.

Enfòmasyon yo ki pa parèt depaman pa rapò ak sa yo rapòte nou k ap pase nan peyi Pòtoriko, kote sèvis sekirite ki te vwayaje ak Ariel Henry yo pa ak li ankò e yo menm prive li telefòn.

Mache fouye zo nan kalalou pou konnen sa kap pase konsa, enfòmasyon yo ta fè kwè, Ariel Henry sou kontwòl ajan FBI yo nan peyi Pòtoriko kote yo deja poze li yon latriye kesyon enpètinant pami yo, enplikasyon li nan lanmò ansyen chèf Leta a, Jovenel Moïse.

Yon evènman nap rete tann pou nou konnen, èske Ariel Henry pral anba kòd ? Oubyen, èske y ap egzile li nan nan yon lòt peyi ? N ap rete tann kouman sa pral pase!

Comments are closed.