Fèt drapo nan komin Senlwidinò fete an gran panpan

2,336

05-18-2022

Senlwidinò_____(TRiboLAND) Pou komemore 219è lane kreyasyon drapo nasyonal la, yon mès aksyon degras selebre nan pawas Senlwi Wàdfrans,18 me 2022 a,nan komin Senlwidinò nan prezans: lameri, lapolis, lajistis, enspektè ak pwofesè poun site sa yo sèlman.

Pè selebran an Robens nan womeli sikonstans lan, ensiste sou konsyans patriyotik pou retire peyi Dayiti nan epizòd efondreman lap viv la.

Touswit aprè aktivite seremonyèl bikolò a, yon defile fanfa ak elèv diferan lekòl tap layite makèlpa nan komin nan; konsa, yo te pakouri opa kadanse plizyè ri nan vil la, daprè korespondans TRiboLAND yo. Sa ki te mete gete nan kè yon pakèt sitwàyen, amoni ak inite ki te blayi nan mitan popilasyon pout e reyèlman montre ke yo genyen toujou yon san patriyotik ki pa sispann degaje nan zantray yo kòm ayisyen.

Anpil moun estime, men anpil, chay pa lou! Genyen anpil bagay ki kapab reyalize lè nou reyini an konbit anba tonèl detèminasyon.

Pierrilien Colly

Comments are closed.