Legliz Katolik rele koukouwouj dèyè nouvo Kod Penal la

458

Pòtoprens___(TRiboLAND) Conférence Épiscopale d’Haiti (CEH) denonse avèk tout fòs li nouvo Kod Penal gouvènman Moise-Jouthe la ke yo konsidere kòm deriv ki menm menase moral nan peyi Dayiti.

CEH ale pi lwen pou li di kèk nan atik dekrè yo menm arive touche tout sa ki esansyèl nan nou kòm moun, li pase pran kilti nou, fwa nou ak sosyete nou an. Anplis, se yon seri pwen ki pat supoze pibliye san aprobasyon moun ki konsène yo.

Konsa, òd yerachik Legliz Katolik la envite popilasyon ayisyènn nan kanpe ankwa fas ak aplikasyon nouvo kod penal sa. Li lonje dwat sou pouvwa anplas ki bliye wòl li ki chita sou yon responsablite moral ak etik ke li dwe genye. Kidonk, li pa dwe asèpte pran presyon nan men lòt moun pou satisfè ide yo.

Pami yon kantite antite nan vi nasyonal la ki bat tenèb dèyè nouvo kod penal depaman an, enstitisyon evanjelik yo tou denonse l e menm asèpte si nesesè pou yo al nan prizon pou yon parèy brigandaj.

Comments are closed.