Koulya, kadejakè yo ap chatre si tout fwa yo ta komèt vyòl sou fanm

280

09\17\20

Kaduna____(TRiboLAND) Gouvènè eta Kaduna a nan Nijerya apèn sot pase yon lwa k’ap pèmèt yo chatre apati yon entèvansyon chirijikal nenpòt gason ki komèt kadejak oubyen vyòl sou fanm.

Gouvènè Nasir Ahmad el-Rufai deklare nenpòt moun ke yo jwen koupab nan vyole yon ti inosan anba zaj 14 lane y’ap egzekite’l selon nouvo lwa a.

Nasir Ahma el-Rufai konfime “aparisyon nouvo lwa say o antre nan yon demach ki pou pèmèt ti moun yo jwen bonjan proteksyon fas ak yon seri krim.”

Kesyon lwa sou chatre kadejakè yo arive fè sufas aprè ke group fanm ap mande gro dispozisyon ak punisyon mòtèl kont kadejakè.

Lwa sou chatre kasejakè nan eta Kaduna,  se lwa ki pi djanm kont rapis yo nan Nijerya, ki se peyi ki pi peple nan kontinan Afriken an.

Comments are closed.