Nasyon Tèt Kole yo mete 2 men nan tèt pou zak vyolans yo kap miltipliye nan peyi Dayiti

286

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon kominke ke li fè sòti jodi 12 out 2020 an, Bureau Intégré des Nations Unis en Haiti (BINUH) deklare prewokipasyon li nan eskalad vyolans kap miltipliye chak jou anndan peyi Dayiti. Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo di ke li pran nòt de anpil zak banditism ki okazyone moun pèdi lavi yo nan peyi a ak yon krèy zònn ki anba kontròl bandi yo ki rann lavi entolerab.

BINUH deklare, lè li niche pwent kreyon’l, li wè ant janvye rive jwen 2020, genyen omwens 159 moun ki mouri anba vyolans banditism.  BINUH ajoute pou’l di ke vyolasyon sa yo kapab konstitye krim entènasyonal ki gen pou wè avèk “dwa moun” e ki prevwa tou nan kòd penal ayisyen an. BINUH mande arestasyon otè zak banditism yo e pi pwen final pou enpinite ak repetisyon zak vyolans yo nan peyi Dayiti.

BINUH mande otorite ayisyen yo pou pouswiv prezime otè krim yo, abi dwa moun, e mete an egzekisyon aksyon jidisyè ou manda ki lage kont plizyè chèf gang, patikilyèman Jimmy Cherizier alyas “Barbecue”, ki genyen yon manda kont li depi fevwiye 2019 pou patisipasyon’l nan yon atak nan Gran Ravin nan mwa novanm 2017.

Responsab yo egalman ankouraje gouvènnman an pou bay PNH la ansanm ak antite tankou Komisyon Nasyonal Dezameman e Dematèlman e Ensèsyon (CNDDR) bon jan bourad grese sere, yon fason pou yo kapab bay bon jan pèfòmans nan misyon yo.

Comments are closed.