Prezidan Fusion des Sociaux-Démocrates la detrese yon bò tèt lidè PPD a, Moise Jean Charles

232

10\19\20

Pòtoprens___(TRiboLAND) Gro katchouboumbe eklate ant Edmonde Supplice Beauzile ak Moise Jean Charles kote ke prezidan pati Fusion des Sociaux Démocrates mete lidè Pitit Desalin nan KO, lòske li akize Moise kòm moun ki pa onèt ak resele kap fè yon job sal pou Jovenel Moise.

Nan yon entèvansyon sou yon radyo nan kapital la, prezidant Fusion an, Edmonde Supplice Beauzile akize Moise Jean Charles de trèt lòske li te akòde yon vòt favorab a yon premye minis sou gouvènman ansyen prezidan Michel Martelly pandan li te pretann ke li te nan blòk palmantè opozan yo.

Pi lwen li kalifye lidè PPD a kòm kriminèl ki ta touye yon sitwayen pandan ke li te majistra nan Milo, daprè Beauzile ki di ke si peyi Dayiti te genyen leta, yon moun tankou Moise Jean Charles ki gen san sitwayen ayisyen nan men li, pat dwe arive senatè.

Beauzile kontinye detrese bò tèt lidè PPD a, lè li akize’l kòm moun ki pa kredib. Madanm nan devwale yon bou lajan ki estime 100 milyon goud ke Moise te rache nan men ex-prezidan Réné Préval pou te enpoze ansyen prezidan Bill Clinton nan tèt CIRH la.

Tout gwo materyèl ke pati PPD a tap fè buzz nan moman KOVID-19 la pou aktivite aspèsyon se te show biznis; paske se te materyèl ke prezidan Jovenel Moise te dispoze pou Platfòm Pitit Desalin nan yon depo nan Delma 17.

Comments are closed.