Ayiti klase nan pwemyè pozisyon pami payi ki bay plis moun kap mouri grangou.

1,105

Grangou sèl kòk chante nan peyi Dayiti, anviwon 4.9 milyon moun nan grangou. Se chif reprezantant BINUH an, nan kad yon reyinyon espesyal.

07-06-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon reyinyon Konsèy Sekirite òganizasyon Nasyon-zini an reyalize sou sityasyon peyi manm li yo, patikilyèman sou peyi Dayiti, yo fè konnen ke genyen anviwon 5.2 milyon moun nan mond lan k ap soufri ak grangou, san konte 3 milyon ti moun ki bezwen pwoteksyon rapid, rapid.

Sepandan, nan 5.2 milyon an, peyi Dayiti, genyen 4.9 milyon moun k ap soufri grangou, san konte yon latriye lòt lo pwoblèm sosyal.

Nan kad reyinyon sa a, reprezantant BINUH an, Maria Isabel Salvador, wè genyen plis nesesite pou Ayiti ta kòmanse resevwa èd imanitè prese, prese nan men swadizan peyi zanmi Ayiti yo.

Anpil moun swete ke chif sa yo pa manipile, yon fason pou yo pa pwofite lage nan kòsaj Ayiti, yon asistans èd alimantè masiv ki soti lakay gwo swadizan konpayi kap pwodwi manje ki genyen òganism ki modifye avèk jeni jenetik ou teknoloji transjenik (OJM).

Comments are closed.