Lapolis arive mete men nan kòlèt 2 prezime manm gang “400 Mawozo”

453

Gantye____(TRiboLAND) Anba lobedyans “Operasyon Terminator I”, ajans BRI nan konplisite avèk Team Swatt arive poze lapat sou 2 prezime bandi ki gen zantray yo makonnen ak gang “400 Mawozo” e “Lanmò 100 Jou” yè madi 11 out 2020 an nanzònn Tramblay, nan komin Gantye.

“Operasyon Terminator I” ki fèt nan lanwit, pèmèt ajans yo mete men sou Anelson Bastien alyas “Izo”, yon gwo bwa nan gwoup gang “Lanmò 100 Jou” a ak Diquersne Juan Jacobo Augusto Pacanto, daprè nòt responsab Polis Nasyonal la fè sòti.

Kout filè sa ki pase pran yon lòt bandi ke lapolis te entèsepte avèk yon pistolè san konte $1260 dola ameriken, antre nan kad volonte Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, Normil Rameau pou kreye yon anviwonnman sekiritè favorab e egalman pou reponn ak nòt ensatisfè bò kote Premye Minis Jouthe Joseph semèn pase.

Comments are closed.