Plis pase 500 moun pèdi lavi yo sòti nan mwa avril pou rive nan mwa jen 2023 a nan peyi Dayiti.

737

Plis pase 500 moun pèdi lavi, sòti nan mwa avril pou rive nan mwa jen, se bilan ofisyèl rapò OCNH.

07-06-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rapò ki rann piblik sou sityasyon dwa moun nan peyi Dayiti, jounen jedi 06 jen 2023 a, òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti, fè konnen, fenomèn ensekirite jeneralize a pote ale lavi plis pase 500 malere ak malerèz, sou anviwon 10 depatman jewografik peyi Dayiti, sòti nan mwa avril pou rive nan mwa jen 2023 a.

Dapwè responsab òganizasyon sila, yo rive depiste sèlman pou mwa avril la, anviwon 264 moun ki mouri, swa anba bal, swa ak kout manchèt, san konte 179 lòt ki mouri nan mwa me a, ak 65 lòt pou mwa jen an.

Konpare chif sa yo parapò ak chif ki abitye sòti yo, pou òganizasyon Dwa Moun nan, mouvman “Bwa kale” a, se yonn nan faktè, ki ta lakòz tansyon fenomèn ensekirite a desann.

Nan sans sa a, responsab òganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti, mande ak mouche Leta, asime responsabilite yo, paske pèp la bouke kache andedan kay.

Comments are closed.