Lapolis sanble leve nan dengonn bandi yo nan Senlwidinò

319

Senlwidinò____(TRiboLAND) Aloske de gwoup bandi tap twoke kòn yo yeswa madi 12 out 2020 an, nou vle pale de Baz Level ak baz Tirach kote ke ajan UDMO yo ki tap fè patwouy nan vil la arive mete lapat sou yon gwo solda nan baz Level la.

Pou koulya bandi sa ki poko idantifye ap reflechi nan prizon Pòdpè. Antretan, maten an Lapolis fè yon lòt kout filè kote ke yo mete yon lòt bandi anba kòt. Nou espere mouvman sa yo se pa dife pay mayi, paske popilasyon Senlwi a bouke ak atoufè sa yo kap simen laperez nan ke tout sitwayen vil la. Afè a swiv!

Nap raple, tout mouvman koukouwouj ak aktivite brigad vijilans lanwit san konte patwouy polisye ki an mach nan vil Senlwidinò rive fèt nan mwens 72 èd tan aprè leve kanpe popilasyon vil la ki egzije otorite responsab yo sispann danse kole ak zanmi.

Comments are closed.