Yon nouvo strikti pou dokimante krim kont limanite pran nesans

421

10\22\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon nouvo strikti pran nesans nan peyi Dayiti: Observation Haitien des Crimes Contre l’Humanité  (OHCCH) ki makònen ak plizyè òganizasyon kap defann dwa moun tankou: RNDDH, BAI ak sitwayen ki angaje pou respekte dwa imen ak demokrazi.

Yon parèy òganizasyon ap gen pou demach repètorye, pran nòt, ak denonse tout zak kriminèl kont limanite atravè peyi. Konsa, Me Sonel Jean-Francois ak Hérold Jean-Francois se 2 sitwayen ki pral plase pou klewonen krim ak sansibilize popilasyon an sou krif danje ak kriminalite ki fè dap piyanp sou dwa yo ak mete okouran kriminèl yo kalite sanksyon ki prevwa pou pou.

Me Mario Joseph ki se yon zantray Bureau des Avocats Internationaux (BAI), di li sezi wè yon seri moun kap komèt krim nan peyi afiche yon konpòtman “kè kalm” kòm kwa yo pap jwen punisyon pou yon seri zak kriminèl. Krim kont limanite pa pasib nan tribinal peyi Dayiti yo.

Mèt la ankouraje kriminèl sa yo reflechi anpil sou yon parèy konpòtman.

Comments are closed.