Pou pi piti bandi yo enstale anviwon 13 pòs ranson anndan peyi Dayiti.

923

04 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rapò RNDDH mete deyò nan tèt kole ak Sendika Mouvman Inifye Transpòtè Ayisyen yo sou sityasyon katastwofik Dwa moun nan peyi Dayiti, yo fè konnen, genyen pou pi piti 13 pòs ranson ke bandi yo enstale anndan peyi a.

Nan sans sa a, òganizasyon yo relve divès pòs ranson tankou, 3 pòs nan komin Pòtoprens nan riyèl Alèt, nan Matisan ak Fon Tamara, 3 pòs ranson nan komin Site Solèy, sòti Tèminal Vare pou rive site Solèy, Lasalin ak Dwouya, 2 pòs ranson sou wout nasyonal #1 an, enstale nan zòn Titanyen, Sen-Mak ak Gonayiv ; 2 pòs ranson sou wout nasyonal #2 nan nivo Paloma ; 1 pòs sou wout nasyonal # 3 nan zòn Onavil 12; yon pòs sou wout Nasyonal #8 la Kwadèboukè, ak yon dènye pòs ranson ki lage popilasyon Nòdwès la nan tray sou wout nasyonal #5 lan nan nivo Tibwadòm.

Rezo Nasyonal k ap defann Dwa moun nan fè konnen, nan chak pòs ranson sa yo, chofè yo gen pou peye 5.000 jiska 20.000 dola ayisyen chak sèmen.

Comments are closed.