Pastè Gregory Toussaint prezante eskiz a “Shoubou”, Tabou Combo

339

Miami____(TRiboLAND) Grégory Toussaint, Pastè Tabernacle de la Gloire ki localize nan Miami, prezante eskiz pou yon ilustrasyon de yon konsta ke li te fè nan yon otèl. Alatèt Tabènak la deklare, malgre ke li pat site non pèsònn moun, sepandan detay ilustrasyon an te pèmèt moun devine a ki moun ke li t’ap fè referans. Yon seri ilustrasyon ki te fèt nan kad priyè pou atis ayisyen yo, daprè lidè spirityèl la.

Konsa, Alatèt legliz la estime ilustrasyon an te inapropriye aprè ke kèk zanmi atire atansyon’l sou sa. Kidonk, Pastè Toussaint arive rele e prezante pèsonèlman eskiz a “Shoubou”, chantè trè renome Tabou Combo a ki te prensipal viktim ou konsène a.

Mesye Toussaint profite egalman prezante eskiz a Tabou Combo ansanm ak tout lòt moun ki te santi ke yo te ofanse. Nap raple, kritik sou ilustrasyon pastè a ki te yon atent pou denigre karaktè “Shoubou”, te inonde rezo sosyàl yo pandan plizyè jou!

Comments are closed.