Aktivite vot pou eleksyon yo ap vanse seryezman nan peyi Mozanbik

10 – 09 – 2024
Maputo, Mozanbik_____(TRiboLAND) Se jodi mèkredi 9 oktòb 2024 la, popilasyon Mozanbik la sòti al vote, petèt pou ou kont yon pati politik ki sou pouvwa pandan 49 lane, depi peyi afriken an pran endepandans li anba grif peyi Pòtigal nan ane 1975.
Daniel Chapo, ki genyen 47 lane sou tèt li, se kandida pati kap dirije a ki se Fwon Liberasyon Mozanbik (Frelimo) ki swete ranplase Prezidan Filipe Nyusi, ki deja pran 2 tèm manda prezidansyèl. Daprè gwo analis politik yo, Venancio Mondlane, kandida ki genyen sèlman 50 lane, prezante youn nan pi gro obstak pou Prezidan Chapo ak tout Frelimo.
Eleksyon sila, ap genyen pou eli egalman yon Palman ak gouvènman provensyàl yo nan yon peyi kote ke 33 milyon moun te konnen 15 lane gè sivil sanginè ki ta pral fini nan lane 1992. Eleksyon an ap manniganse nan yon kontèks konstènasyon akoz yon mouvman jiradis vyolan kap taye banda nan zòn solèy leve peyi Mozanbik.
Bilten vot rezcidan patisipan yo, ap genyen anpil pou wè avèk mete dlo nan diven mouvman jiradis la e resisite estabilite nan proven Kabo Delgado, kote ke plis pase 1.3 milyon moun deplase kite lakay yo pou tibilans politik. Nap raple, konte oryante vot yo plis sou povrete, chomaj nan mitan jènn y oak kòripsyon gouvènmantal ke tou 2 kandida yo plede pou elimine.







Mèsi pou enfòmasyon an.
Fondation Triboland Mombin-Crochu