Bandi sangwen nan Okay, touye Pastè Borel Geneste ak katouch nan moman li t’ap soti labank

283

Okay_____(TRiboLAND) Kominote eklezyastik la nan Okay pran yon gro kou jodi mèkredi 27 janvye 2021 an lòske bandi sangwen nan Okay vide Reveran Pastè Borel Geneste nan moman li tap soti labank apwè midi a.

Atoufè yo bay sèvitè Bondye a plizyè bal sou premye Gran Ri Okay la; malgre mannèv prese prese pou te transpòte li lopital, li pat arive chape. Reveran an mouri sou kabann lopital Imakile konsepsyon nan Okay; yon lanmò ki mete anbranl plizyè kongregasyon MEBSH ke Pastè Borel tap dirije. Ke nanm sèvitè Bondye a repoze an pè!

Comments are closed.