Komisè ak kodis mouvman Eskout yo reyaji fas ak sitiyasyon aktyèl peyi a.

809

04 – 22 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Komisè ak kodis mouvman Eskout la di yo deplore fason otorite yo kite bandi yo mete tout peyi a nan yon etènèl lanfè. Tout depatman fèmen pou kont yo, pa gen echanj ant komin ak komin, kapital la separe ak tout vil pwovens yo. Yon sitiyasyon ki kreye plis mizè, grangou, chomaj nan peyi a. Popilasyon an lage debwa balanse, jenès la san lavni.

Se gwoup gang kap fòme nan tout abitasyon yo pou anpeche lavi repran nan sosyete ayisyèn nan. Komisè ak kodis yo nan mouvman Eskout la mande responsab yo nan leta pou libere peyi a, paske pèp la bloke anba konplo entènasyonal la ak kolon sansal ayisyen yo ki fè kolònn pou detwi tout pitit peyi a.

Jèn yo gen vokasyon pou yo sèvi peyi a, men se apwòch yo ki pèmèt yo pa mete tout yo menm nan sèvis peyia. Yo mande yon priz konsyans pou kite yo aji selon pwòp volonte yo.



Comments are closed.