AVSF sipote plizyè manm koperativ agrikol nan awondisman Anzdeno

930

09 – 30 – 2023

Anzdèno, Ayiti _____ (TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse koperativ agrikòl yo, Agwonòm vetèrinè san fwontyè (AVSF), renmèt plizyè prim ankourajman bay manm koperativ yo nan komin Anzdèno, Lèziwa e Dam Mari.

Pou komin Anzdèno, koperativ KOPDA, resevwa yon chèk swasant kenz mil goud ak divès lòt prim kap ede manm koperativ yo fè pwogrè nan zafè agwikilti.

Daprè Kòdonatè nasyonal AVSF lan, Agronòm Edy Theard ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen AVSF rive akonpaye ansanm koperativ sa yo, kap travay nan domèn agrikilti ak transfomasyon.

Se gras avèk finans, ajans mondyal Kanada ak Anbasad Swis atravè pwojè Pitag lan, Pro Kakao, chak ane ki renouvle ak yon sipò senk san mil dola ameriken, ak pwojè jaden kreyòl lan, soti 2017 a dat, senk milyon dola ameriken bay.

Comments are closed.