Nòdwès: retou “Shoubou” lakay li, remoute anpil moral popilasyon Nòdwès la

290

08/30/2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Yè samdi 29 out 2020 an, atravè yon priz foto devan Katedràl Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè, Roger Eugène alyas “Shoubou” eksprime kontantman dèske li rejwen fanmiy, zanmi ak fanatik.

Rezidan, jèn ak granmoun tout kalite te profite akeyi pitit Site Kapwa Lamò a, aprè anpil dividal eksplwa onivi nasyonal ak entènasyonal ki retounen lakay li. Konsa, yo pa kache eksprime santiman yo fas a yon evantyèl retou ki fèt nan yon moman krusyàl pou depatman Nòdwès. Nan yon moman Nòdwès pa sispan trete an paran pov depi djab te kaporal.

Pou anpil moun retou figi ikonik la, se deja yon asèt ki kapab gen plis zoom ki fèt sou problèm Nòdwès ki pa janm figire nan agenda nasyonal la. Gen lòt tou ki santi, prezans super star entènasyonal la, kapab fè Nodwès rejwen ti kal dinyite. Bravo pou Ti Roro ki fasilite yon parèy tranzisyon!

Na’p raple, Gran Toryan Tabou Combo a te patisipe yèswa nan yon program chik-chòk ki te sanble òganize nan kad kontantman ak rejwisans sou retou Shoubou nan tè natal li.

Comments are closed.