Pastè Calixte Fleurinord repran tèt Federasyon Pwotestant Dayiti a, kòm pwezidan.

266
0
Share:
TRiboLAND

05-27-2023

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan okazyon 38èm Asanble Jeneral Federasyon Pwotestant Dayiti a ki te dewoule jounen vandredi 26 me 2023 a, Pastè Calixte Fleuridor, ke se egalman manm Wo Konsèy Tranzisyon demagoji Ariel Henry la, benefisye yon lòt fwa ankò yon lòt manda kòm pwezidan.

Pastè Fleuridor, ki te genyen plizyè lòt kandida anfas li, te arive pote lamayòl la ak 223 vwa, alòske opozan li yo ki se: Julio Volcy resevwa 120 vwa ak Vijonet Démerot ki te genyen 101 vwa.

Kèk kritik deklare ke yo fatige avèk pwatik jerontokratik dirijan atravè peyi a, ki konprann Ayiti se byen manman yo ak papa yo. Tout tan se yo ki pou toujou la e se yo ki lage peyi a nan sa li ye la. Lòt sitwayen estime ke yo pa wè jous kilè peyi a ap debarase ak koli ankonbran sa yo, ki pa kreye oken espas pou lajenès la fè pèse.

Anpil moun te konteste absans moralite lakay Pastè Calixte Fleuridor pou absans moralite ak afilyasyon politik li; sepandan, li arive re-eli pou 4 lane yon lòt fwa ankò nan tèt Federasyon Pwotestant Dayiti a.

Share:

Leave a reply