Yon lòt prezime manm gang Savien pran minòt nan vil Sen Mak

455

Sen Mak____(TRiboLAND) Yon lòt prezime manm gang Savien, komenn Tit Rivyè nan Latibonit jwenn arestasyon li nan vil Sen Mak jodi 30 jwen 2020 an.

Polis Nasyonal la, nan kad pou lage koukouwouj dèyè asosyasyon malfektè sa ki rele “Gang Savien” a, pa sispann matrake nan jou sa yo san pitye sa yo k’ap simen dèy nan polilasyon ayisyènne. Konsa, yo mete men sou yon lòt manm gang Savien ki rele Dadson Leney, pitit yon pastè nan zònn Moro Pèy, premye seksyon komenn Tit Rivyè.

Yo repwoche Dadson dèske li nan vòlè machenn, bwakaj ak lòt krim ki asosye ak zantray kò gang lan, yon antite ke li konn sèvi kòm chofè nan detounen machenn.

Comments are closed.