Gang Pandi atake yon delegasyon INFP : tout 4 kad ki te nan machinn nan blese anba bal

1,946

07-31-2022

Group gang ame atake san mèsi yon delegasyon INFP jodi dimanch 31 jiyè 2022 a, nan zòn Ti Bwadòm a kèlke kilomèt komin Gromòn nan depatman Latibonit.

Kat kad sa yo ki te nan machin nan arive blese alòske genyen youn nan yo ki nan yon eta kritik. Nap raple, viktim yo te nan direksyon pou wout Nòdwès nan kad egzamen ofisyèl leta a pou lekòl profesyonèl yo.

Konsa, miltiplikasyon atak bandi yo depi plizyè jou, pa sispan demanti yon nòt otorite PNH yo nan Nòdwès ak Latibonit ki ta vle fè kwè ke yo genyen kontròl yon zòn ke gro tonton bandi sangwen ki ame jous nan dan achte lajan kontan e ki paralize trafik ant depatman Latibonit ak Nòdwès.

Comments are closed.