Lapolis fè yon 3è gwo kout filè nan kan “Rezolisyon Geto Fanmiy” ak alye nan lakou Lenbe.

1,194

11 endividi mare kou krab, pami yo, 4 gang aktif “Rezolisyon Geto Fanmiy” ak alye, se bilan 3è operasyon lapolis nan komin Lenbe.

04-17-23

Lenbe, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè “Rezolisyon Geto Fanmiy” ak alye te fin sòti yon avi pou te mande moun ki gen biznis nan Lenbe peye yo taks, lapolis nan komin nan ki pap dòmi ta pral deklanche yon seri operasyon san kanpe, yon mannyè pou te desann fe bandi sangwen yo.

Konsa, nan kad yon 3è operasyon yè samdi 15 avril 2023 a, dapwè pòt Pawòl Polis la, ki ta pral abouti sou arestasyon 11 endividi, pami yo : 4 gang aktif “Rezolisyon Geto Fanmiy” ak alye mare kou krab, san konte yon zam, yon telefòn ak yon tablèt ki sezi.

4 manm gang gwoup RGF ak alye yo fouke yo ki se: Naiderson Estimond 19 lane, Joniel Charles 24 lane, Sancelène Pierre 28 lane, ak Johnny Saint-Fleur ki genyen 29 rekòt kafe sou tèt li.

Nan menm operasyon san pran souf sila a, lapolis ansanm ak jij depè fouye kay chèf gang Séïde, kote yo arive sezi yon zam kalib 22, mak STALKER#M2906, yon telefòn, yon tablèt ak anviwon 2000 Goud.

Pòt Pawòl Polis Lenbe a, ki tap pale fè konnen, pa kesyon pou Lenbe ap tolere aktivite gang kap teworize popilasyon an, paske Lenbe pa Pòtopwens.

Comments are closed.