Komite kiltirèl Wananment lan remèsye piblik la e prezante bilan li sou dènye aktivite kanavalès yo.

78

02-27-2023

Wananment, Ayiti _____(TRiboLAND) Se atravè yon konferans pou laprès ki te bay nan Sant Kiltirèl Marie Louise Coidavid samdi 26 fevriye sa a ke komite kiltirèl la atravè selil òganizatè kanaval 2023 a, felisite e remèsye tout moun ki te kontribiye nan siksè gwo evènman popilè sa a soti 15 janvye rive 21 fevriye 2023.

Komite a pwofite pou l bay rapò finansyè evènman an (previzyon bidjè, lajan ranmase, depans ki fèt) devan laprès ak sosyete sivil Wananment lan.

“Lajan yo te ranmase nan men sipòtè (an Ayiti ak nan dyaspora) ak konpayi prive yo, monte a 2,561,550 goud. Pandan depans yo avan kanaval la ak twa (3) jou gra yo akimile yon kantite lajan 2,559,940 goud. Rete yon balans 1610 goud nan kès komite a”, daprè sa ki sòti bò kote konsène yo.

Sètènman, reyalizasyon kanaval la pat fè tout moun plezi. Men anpil moun wè li kòm yon opòtinite ou yon revèy kiltirèl.


Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.