Lidè opozisyon pòdpè a anonse gwo mouvman manifestasyon sou depatman Nòdwès la

434

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li bay TRiboLAND jounen mèkredi 8 jwiyè 2020, reprezantan òganizasyon “FOS NOU” an, Paul Élie Faustin deklare nan jou kap vini la yo pral genyen gwo mouvman leve kanpe sou tout depatman Nòdwès la.

Yon mouvman daprè chèf opozisyon pòdpè a ki pwal batize sou non “BAT TENÈB” yon mannyè pou kenbe flanbo mobilizasyon an lannwit kou la jounen.



Lidè opozisyon pòdpè a, yon lòt bò takse travay gouvènman Moise-Jouthe ap tante reyalize nan depatman nòdwès yo notamman nan vil Pòdpè ak sou wout Kafou Jòf la de “makiyaj” ak ” demagoji” paske jan travay sa yo pa rantre nan yon kad estriktirèl.

Li soulinye pou’l di Jovenèl Moise ke tout moun konnen ki se ekspresyon wont pou sosyete ayisyènn nan ap fè demagoji sou wout Kafou Jòf la yon mannyè pou fè wont sèvi kolè!

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.