Yon manman fanm gang teworis “Tèt Pa Dwàt”, jwen arestasyon li nan komin Kavayon

565
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Lapolis nasyonal nan depatman Sid peyi Dayiti anonse ke li fouke Rose Valdania Dossous, manman fanm yon gro prezime manm gang tèworis Vilaj Dedye, “Tèt Pa Dwàt”, youn pami yon seri kriminèl kap travay pou òganizasyon teworis “5 Segonn”.

Lapolis mennen operasyon tranble janm yo nan komin Kavayon, kote ke Rose Valdania Dossous tap tante kache nan rejyon akoz menas lajistis ak fwap san rete ke òganizasyon kriminèl la ap resevwa bò kote fòs lòd yo. Nan yon nòt papye tenbre ke li mete deyò, direksyon depatman polis rejyon Sid la, reyitere volonte li pou li simen miskad sou teworis yo ak tout reselè konplis kap bayo tete san kanpe. Konsa, nòt la kontinye pou li mande vijilans ak koperasyon popilasyon an.

Nap raple, mari manman gangRose Valdania Dossous ki se “Tèt Pa Dwàt” te toujou ap evolye nan gang “5 Segonn” ki genyen teworis byenkoni ‘Izo” nan tèt li. Arestasyon yon parèy prezime manman gang, pral fasilite travay lapolis la e dekouvwi plis zèl kat nan objektif pou deniche ak matrake plis bandi sangwen.

Share:

Leave a reply