NÒDWÈS: Kowòdonatè kazèk 3e seksyon Obè a fache kon lèt kaye ak pouvwa anplas la

448

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen madi 30 jwen 2020 an, Fenelus Joseph kowòdonatè kazèk twazyèm seksyon Obè a nan komenn pòdpè pa kache foustrasyon ke l genyen parapò ak pouvwa anplas la kite pwomèt li ta pral travay men nan men ak kolektivite teritoryal yo.

Pou Kòdonatè a, pwoblèm enfwastrikti woutyè, sanitè, lavi chè poun site sa yo sèlman pa sispann kraze dègwenn popilasyon l’ap dirije a. Dapwè kowòdonatè a, se prèske nan tout peyi a kazèk yo pa rive reyalize kichòy pou popilasyon ki te ba yo manda a parapò a jan pouvwa anplas la ap mal jere bagay yo. Li kontinye poul di si yo rive reyalize ti kichòy tankou: wout tè bati, netwayaj sous dlo, se gras ak sipò popilasyon l’ap dirije a.


Kontrèman ak premye manda popilasyon an te rive ba li a, kote li te rive reyalize pwojè kaptaj sous dlo, lekòl, ak kèk twonson wout. Konsa, pouvwa anplas la pa mande yo sa yo pote pou vann.

Joseph Fenelus mande ak nimewo 1 tèt kale a, ki swadizan di li konn pwoblèm ti peyizan Lakwa yo, fè pi vit nan bay dèyè l 2 tap nan di yon “mo” pou ti peyizan Lakwa yo kap monte yon maswife ak kesyon wout Lakwa Sen Jozèf la ki pa menm egziste.


Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.