Youtouber ameriken an tonbe nan plis zen difisil nan Larepiblik

964

04 – 02 – 2024

Okap, Ayiti__(TRiboLAND) Sim te konnen toujou dèyè! Youtouber ameriken an, Addison Maalouf ap konnen yon moman tèrib apre l te fin rate objektif li ki se, reyalize yon entrevi ak chèf gang Dèlma a, Barbecue.

Pase plizyè jou anba men “bawon plèn” lan “Lanmò 100 Jou”, Addison Maalouf jwenn arestasyon li nan Èpòt Entènasyonal Okap la, jounen lendi 01 avril 2024 la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, Youtouber ameriken an, te lwe yon machin lokasyon nan vil Kap-Ayisyen pou direksyon Mibalè; konsa, avèk gwo etonman li ta pral chwe nan Pòtoprens, se la yo ta pral kidnape li ak tout machin nan.

Retounen nan vil Kap-Ayisyen gras ak sekou yon elikoptè Anbasab blan Meriken, san machin lokasyon an, responsab lokasyon an poze lapat sou Addison Maalouf epi egzije li 4000 dola vèt kou powo ki, pou koulya ap reponn kesyon SDPJ.

Comments are closed.