Yon gwoup jènn fèmen pòt e drese barikad anflame devan baryè Meri Answouj la

402

Answouj____(TRiboLAND) Nan jou sa yo, plizyè popilasyon ap rele koukouwouj dèyè divès meri foto kopi ki pa itil yo anyen sinon ke miltipliye kòripsyon, vòlè tè moun, touche lajan kontribyab yo e pa delivwe yon ti minimòm pwòpte nan komenn yo. Fwa sa, se tou pa yon gwoup jènn ki deside pase kle nan Meri Answouj, depatman Latibonit jodi madi maten 30 jwen 2020 an.

Jènn sa yo, pou jistifye ensatisfaksyon yo ak pèfòmans katèl Meri Answouj la, deklentche yon operasyon pase kle yon fason pou bat tenèb dèyè do responsab minisipal yo.

Selon kèk temwen benevòl, barikad anflame tap degaje nan baryè enstitisyon an ki te badichonnen ak graffiti ki salanbe konsèy minisipal Meri a ki rive nan fen manda l.

Comments are closed.