Okay: operasyon Lapolis arive mete Accède Appolon, 2èm chèf gang baz Kanaran anba kòd minòt lapopo.

964

04-07-2023

Kay, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon operasyon ant chèf Pakè Okay la, komisè Ronald Richemond ak konplisite lapolis, dezyèm chèf gang Kanaran an, Accède Appolon 39 lane, jwen arestasyon li.

Appolon ki fè tèt li pase kòm pi gwo tonton chèf gang toupwisan nan baz Kanaran, te anba rada lapolis pou yon bon bout tan.  Prezime akize a, genyen gwo akizasyon ki tonbe sou tèt li. Yo reproche’l pou enplikasyon li nan divès zak tankou: kidnapping, vòl ak zam nan men, brakaj, ak asosyasyon malfektè.

Appolon pou koulya trouve li nan gadavi, pandan divès akolit li nan kanpe lwen pou patisipasyon yo nan plizyè zak kriminèl nan penensil Sid la.

Nap raple pou nou, daprè sa Pakè Okay la confine, Accède Appolon se 2èm chèf gang baz Kanaran, kap dirije anba lobedyans chèf Jeff.

Comments are closed.