Pòdpè: Ti machann mache Bodmè yo fache pou pri machandiz yo ki tèt nèg

442

Pòdpè____(TRiboLAND) Chak jou ki pase, pri pwodui premye nesesite yo pa janm sispann monte balkon sou mache lokal la, dapwè refleksyon plizyè gwoup machann nan vil Pòdpè.

Pou machann revandè yo, anpil pwodwi òdinè tounen tèt nèg e pafwa se pa bagay moun ka wè ak je akòz etrangleman goud la anba grif dola ameriken an ki pa sispann demantle ekonomi peyi a chak jou.

Machann ou revandè kap bwase nan chèche kote lavi fè kwen, bouke rele 2 men nan tèt fas ak sitiyasyon san pwesedan sa ki vle lage komès enfòmèl la nan kouri.

Jeannette, ki se yon ti machann kap demele l anba Mache Bòdmè pat mete dlo nan bouch li pou kritike jous nan zo konpòtman pwezidan Jovenel Moise ki jiska prezan pa kenbe promès elektoral li ki te chita sou “remanbwe prodiksyon nasyonal e mete kòb nan pòch tout moun atravè dlo, solèy, ak tè”. “Mete men sou yon prodwi de baz mande anpil jimnastik ekonomik,” dapwè Jeannette ki pa konprann ki dènye modèl pwezidan sa a.

Yon lòt bò, machann yo te pase men e denonse ansyen lokatè mèri pòdpè a, Josué Alusma ki li menm depi li te deside demoli mache a, yo pa konnen si li anwo e si li anba.

Ti machann yo kontinye pou yo di chak jou Bondye mete, yo oblije ap fè fas kare ak mizè tankou solèy, lapli ak labou ki se ekivalan sa prezidan Jovenel te promèt yo.

Comments are closed.