Pòdpè : Lapolis nan vil Pòdpè fenk desann yon gwo koure nan zòn dèyè Letan.

366
0
Share:
TRiboLAND


06 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Ajan UDMO yo ak ajan BI yo kontinye ap miltipliye kadav nan site Kapwa Lamò a. Jounen vandredi 14 jen 2024 la, ajan PNH yo mete dòmi nan zye yon gwo koure nan zòn dèyè Letan ki pote non Chinwa.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, gwo koure ki rele Chinwa a, se ta yon ansyen bandi ki t’ap opere nan Zòn Dèyè Letan e ki te achte zòn lan lajan kontan.

Nan moman n’ap pale la, Chinwa a blayi 2 pye devan ak yon mayo koulè wouj epi yon pantalon koulè ble.

Share:

Leave a reply