Vant Sinyati: LE BONHEUR PASSE PAR LA SPIRITUALITÉ: Les secrets des grands penseurs qui ont faconné l’humanité /Dr. Eugénia Romain

0 558

Pitit Pòdpè nan Depatman Nòdwès Dayiti, Politològ, Chèchè, Filozòf e Enfimyè, Dr. Eugénia Romain, sila ki pase de pwezantasyon e ki pa gen lontan depi ke Gwo Chabrak nan Òganizasyon EtaZuni (ONU) mete chapo byen ba devan l atravè yon “Plak Onorifik”, ekspwime pi gwo kontantman li pou pwezante bay piblik ayisyen an youn pami divès liv li ki titre: “Le Bonheur passe par la spiritualité”, yon liv ki pa sispann revele sekrè anpil gwo pansè te konn itilize pou devlope limanite.

Gwo kòkenn chenn liv sa ki deja kaptire atansyon yon pakèt lèktè atravè kominote gran pansè yo nan lemonn, ap pwezante bay lèktè ayisyen an nan yon “Vant Sinyati” kap fèt nan Otèl Karibe, Samdi 21 Mas 2020 apati 1:00 pm jiska 5:00 pm.

Tande e posede yon liv Dr. Romain se benefisye yon seri engredyan kognitif ki dispansab pou yon bon rejim entèlèktyèl; se egalman yon zouti referans de tout yon seri pwensip ki dirije monn sa depi sou Aristote jous jounen jodi a. Pri inik liv la se: 3000 gd.

Apwè suksè enpwesyonan nan diferan kominote ayisyènn nan peyi lòt bò dlo, otè ki detyen 2 Ph.D. nan (syans metafizik e syans politik) ak yon latriye distenksyon atravè lemon, (patikilyèman nan men pwezidan Barack Obama an 2014) pa ka tann pou reponn kesyon yon odyans avèti nan yon anviwònman eko-amikal e sekirize.

Leave A Reply