Pòdpè / Mach Pasifik : Etidyan Lekòl Dwa yo òganize yon mach pasifik pou mande liberasyon ansyen KG Michelet Virgil

2,253

Vandredi 15 jiyè 2022

Plizyè dizèn Etidyan Lekòl Dwa ak yon group moun kap sipòte ansyen Komisè Gouvènman a.i Pakè Pòdpè a, Me Michelet Virgil pou reklame liberasyon l prese prese. Daprè deklarasyon yo, sa ki rive a, patikilyèman sa kite pwen de Dwa a pou antre nan yon faz politik.

Goup moun sa yo kont move tretman yo bay ansyen Komisè Gouvènman an ki se aktyèl Direktè Lekòl Dwa Pòdpè a. Nou pa gen pwoblèm pou Lajistis fè travay li, men maskarad pou fè Mèt Virgile pase kòm gro trafikan zam anndan peyi a, nou pap bwè l; e nou estime sa depase limit li, daprè patisipan yo ki te yon bon valè ki tap pankat ak tout kalite slogan.

Yon mach ki te fèt ak anpil sivilite e pasifikasyon. Patisipan yo te pwofite mande pou Lajistis mare tout vrè koupab yo ki enplike nan yon parèy zak kriminèl ki se “komès zam” ki sal imaj depatman Nòdwès la.

Comments are closed.