Lòd Avoka yo nan Pòdpè kondane bastonàd yon polisye fè sou Avoka Sony Cadestin

193

02/06/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon nòt protestasyon tou limen li mete deyò, Lòd Avoka yo nan vil Pòdpè kondane ak tout fòs li zak “babarik” ou “leve men” polisye Jasner Joseph fè jedi ki te 4 fevriye 2021 an sou Mèt Sony Cadestin ki se yon avoka ki regilyèman enskri nan tablo Lòd la.

Se nan moman Mèt Cadestin t’ap pare pou antre anndan enstitisyon Magny Roumain ki se lokazsyon travay  avoka a, polisye a bastone an prezans plizyè polisye nan yon wout ki reyèlman kwense akoz yon seri travay TPTC ap fè.

An atandan swivi administratif ak jidisyè yo fèt, Lòd Avoka yo detèmine pou viktim nan ki pwoteje anba dekrè 29 Màs 1979 ki regilarize regleman pwofesyon avoka a nan peyi Dayiti. Yon parèy zàk malonnèt pa ka rete san puni, daprè yon nòt pwotestasyon ki jwen paraf Batonye, Mèt Elinès Dumesle.

Comments are closed.