Moritani: yon imaj tèt koupe ak imaj George Floyd la kreye anpil polemik

413

Moritani____(TRiboLAND) Yon foto kap ap pataje sou tout rezo sosyàl yo leve plim sou do yon pakèt moun; se aksyon 2 polisye ki repete menm jès ki te okazyone lanmò George Floyd nan peyi Eta

Imaj 2 polisye (Ahmed Ould Belkheir ak Ahmed Ely Ould Mohamed) arete yon jènn gason kòm sispèk yè vandredi ki te 19 jwen 2020 nan komenn El Mina, nan Moritani. Youn nan polisye yo mete jenou li sou kou pwezime bandi a, menm jan ak sa polisye ameriken blan a, Derek Chauvin te fè George Floyd la.

Konsa, kèk sous polisye, ta endike ke pwezime delinkan an ta blese youn nan polisye yo ak yon bout fè. Selon yon lòt sous, IRA (Initiative Résurgence du Movement Abolitionniste) kap chèche fouye zo nan kalalou pou rasanble tout eleman nesesè pou fè limyè sou kesyon an e avanse ak yon pouswit jidisyè yo.

Yè madi 23 jwen an, direksyon jeneral sekirite nan peyi Moritani avanse avèk ranplasman polisye yo (yon brigadye ak yon ajan) ki te entèpele viktim nan avèk vyolans. Tou 2 polisye yo te kantone nan Bassiknou ak Nbeiket Lahwach. Komisè El Mina 1 an jwenn transfè li jis Teyarett 2. Konsa, se yon zafè kap pouswiv.

Comments are closed.