Francois Nikol Levy: direktè mizikal òkès Septentrional, mouri

530

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Maten jodi mèkredi 24 jwen 2020 an, vil Okap leve anba gwo chòk lè ypopilasyon kapwaz la aprann nouvèl lanmò Nikol Levy, direktè muzikal òkès Septentrional.

Levy ki te genyen 73 lane e li te yon pyanis trè selèb. Li te fèt nan Okap Ayisyen nan lane 1952 e soti nan yon fanmiy orijinn jwif. Nikol trepase apwè ke li tap resevwa swen medikal nan lopital Bernad Mevs nan Pòtopwens. Li mouri maten an apwè yon AVC, dapwè kèk sous ki pwòch defen an.

Sa fè 2 maestro dwayen mizik ayisyènn nan, Septentrional pèdi nan espas de 11 lane. Kondòleyans a tout manm fanmiy ak zanmi mizisyen ke lanmò sa frape. Ke nanm direktè a repoze nan lapè!

Comments are closed.