Eske Ayiti se yon savann pou biwo transfè ak enstitisyon bankè angaje yo nan krim finansyè?

512

Pòtopwens____(TRibOLAND) Depi lè ansyen pwezidan imoral ak kòriptè a, Michel Martelly te kase men diaspora ak $1.50 sou pwetèks li te konnen valè edikasyon; anpil lòt gouvènman ak enstitisyon bankè ak transfè, fè Ayiti tounen yon lòbèy. Yo kontinye ap pwatike kòripsyon ak vis Tèt Kale yo. Sa fè nou sonje, sa pa gen lontan, deklarasyon anbachal PM Jouthe Joseph lòske li tap diskalifye kote ke swadizan lap dirije a kòm peyi ki pa menm egziste sou papye! Se evidan, li pat mal pale!

Gade nan ki eta yon ekip malfwa gwayil, malfòme, san karaktè, candidats de la société, tonneau d’Annaides, des barrièress des portes du ciel, des recueils d’erreurs, san pidè lage yon peyi ki deja alagoni. Kò mafya yo reyalize pa gen lidè pa gen peyi; li nòmal pou nenpòt ki bank, nenpòt ki enstitisyon bankè pase peyi a nan betiz lè yo deside nenpòt ki lè moute to echanj lan san odas. Wi, se yon peyi yo fè sa yo pi pito! Konpayi tankou Western Union, SogeExpress, CAM ak MoneyGram yo fè sa yo vle nan savann nan. Yap deplimen poul la jan yo vle. Ni Lapwès, ni chèf koupyon pap pran chans kesyone kalite pwatik sa yo. Konsa, sa ki nan kòripsyon toujou gen volonte pou kouvwi pou kòriptè. Chat konnen rat konnen, barik mayi a rete la menm!

Yo chaje diaspora frè pou delivwe transfè an dola ameriken, yo pa fèl; anplis yo deside to echanj lan jan yo vle e menm peye moun kap resevwa l la an goud. E si moun sa ki tap tann transfè a an dola ameriken, li pwal oblije achte dola ameriken an men yo a yon to ki pafwa 4 fwa pi wo. Se plizyè antite mafya ki mete tèt yo ansanm e deside afiche menm krim gouvènman PHTK a ki pa sispan irite popilasyon an fè vyolans.

Diaspora dwe gonfle ponyèt li pou pouswiv tout antite sa yo ki repwezante yon rezo ganstè kap eksplwate yon popilasyon ki deja ap naje nan mizè ak nan fatra. Règ jwèt la, se fini avèk nasyon ki rele Ayiti a! Menm si anpil vwa chwazi pa denonse vye pwatik ki dèyè plan kap devalorize goud la; menm si pa gen oken enstans kap supèvize travay gouvènè bank santral la nan peyi a, founi je kale nan krim ou desizyon finansye enstitisyon bankè yo ak tout biwo transfè yo, diaspora a dwe di ase se ase!

Menm jan deja genyen yon plent ke yon gwoup imigran ayisyen depoze nan yon tribinal nan New York sou $1.50 lan, li enpòtan pou yon pouswit legal entènasyonal mete fwen nan krim sa yo ki revòlte malere kap redi pou anrichi vòlè kòl nan kou anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.