Avoka Erold Férus nan Tigwav, denonse Ajan DAP yo li di ki pa chwazi egzekite lòd fòmèl komisè gouvènman an.

727


05 – 09 – 2024Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Erold Férus nan yon interview li akòde ak laprès maten jedi 09 me 2024 la, pa manke mo pou denonse ajan direksyon administrasyon Penitansye nasyonal (DAP) nan prizon sivil Tigwav la, li di ki pa chawazi egzekite lòd fòmèl komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul, nan lide pou mennen prizonye pase devan jij natirèl yo.

Mèt Erold Férus ki deklare chak fwa komisè gouvènman an, pase lòd fòmèl pou ajan DAP mennen prizonye yo jije, swa yo di pa genyen machin, swa yo di pa genyen efektif pou sa, alòske yo itilize machin lapolis la pou regle zafè pèsonèl yo selon met Férus. Ekspè Lalwa a, denonse tou enkoyerans grav ki genyen ant ajan DAP yo ak paketye yo, ki yo menm toujou pran plezi yo pou al tande prizonye yo nan selil yo. Mèt la ale pi lwen pou li di ke li pa nòmal pou sistèm jistis ap fonksyone jan liye a, li kwè fòk sistèm lan mache paske daprè li, tòj avoka yo pèmèt ke yo viv.

Nan sans sa a, mèt Erold Férus mande Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul pou asime responsabilite li, pou egjije ajan DAP yo mennen prizonye yo atan douvan jij natirèl yo, pou yo jije, sa ki mérite kondane, pou yo kondane pou sa yo sosyete a repwoche yo, sa ki mérite libere, pou yo libere ale jwen fanmi yo.

Comments are closed.