ULCC pase lòd pou jele 260 milyon goud fanmiy Boulos ak lòt antreprenè rizyèz

574

06/23/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) pase enstitisyon bankè yo lòd jodi mèkredi 23 jwen 2021 an, pou jele pwè 260 milyon goud sou kont bankè yon seri moun tankou :

Natacha Blanc, Isabelle Valmey, Pierre Réginald Boulos, Ursil Pierre, Jean Henry CEANT, Emlyne Girova Brice, Sébastien Boulos, Melissa Régine Boulos, ak antrepriz Real Business Investment ki genyen ti non jwèt li RBI.

Magogo lajan sa, konsidere pou ULCC kòm yon sòm ki fè wout kwochi e ki te dwe vèse nan asyèt Trezò Piblik la, dapwè Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph ki se Alatèt ULCC a.

ULCC rapouswiv pou li di ke nan lane 2018, 3 lane apwè ke Real Business Investissement (RBI) te resevwa yon montan 65 milyon goud; enstitisyon an te efektye yon visit ki te demontre ke pwojè a pat janm egzekite.

Konsa, dapwè Mèt H. Joseph, tout sa yo ki se responsab jesyon kont yo, ke se enstitisyon bankè ak finansyè ki enplike nan yon parèy zak, lalwà ap pouswiv yo tout si yo pa chèche kolabore.

Comments are closed.