Nòdwès: yon lòt joune fòmasyon nan Chansòlm pou plantè yo nan kad batay kont kowonaviris la

390

Chansolm,Pòdpè____(TRiboLAND) Menm jan sa te fèt yè Lendi a nan Basen Ble, divès plantè te reponn nan Chansòlm ak envitasyon Direksyon Depatmantal Agwikòl Nòdwès la (DDANO) akonpanye diferan lòt antite devlopmantal nan kad yon joune sensibilzasyon ak fòmasyon pou konbat kovid-19 la.

Byen bonè nan maten plantè nan perimèt irige nan zònn diferan zònn rejyonal nan Chansòlm. Plizyè plantè te te reponn nan randevou sa pou te tandefòmatè a ki se Direktè Sant Sante Chansòlm la, Dr. Peterson Tatoute. Pami patisipan yo, ou jwenn yon gwo potanta, yon polistisyen, yon kad ki nan leta peyi a, se Mesye Morin.

Morin estime se yon bon inisyativ malkre ke nou poko reyèlman santi kovid-19 la ke li panse kap fini pa rive sou yo kanmèm. li konsyan ke nan kondisyon vilnerab ke popilasyon ap naje, se mèt kò ki veye kò. Yo pa espere ke leta gen volonte pou ba yo moso swen sante; se yo menm ki pou fè kichòy pou tèt yo yon fason pou batay ak kowonaviris nan itilize remèd tradisyonèl abaz fèy pou kwape viris la.

Morin ki fyè de 110 ekta perimèt irige ke plizyè jenerasyon nan fanmiy ap jere nan Vital depi 1937, deklare ke li plase sou pi bon perimèt sou Vale Twa Rivyè a; avèk yon potansyèl pwodiksyon bannan ki an vòg. Ansyen majistra a, sètifye ke leta pafwa fè yo ti don tankou semans men pa san pou san bagay ki gen pwa. Pou li menm ta dwe genyen bagay ki genyen yon pi bon sinifikasyon; ekzanp kanalize Flèv Twa Rivyè a nan zònn Far West la, (pwomès kanpay Jovenel Moise) yon zònn sechrès achte depi plizyè deseni.

Morin, nan entèvyou li bay Radyo Marconi FM/TRiboLAND enumere divès pwomès ke pwezidan Jovenel te fè yon nan objektif pou itilize dlo, tè ak solèy la, yon fason pou mete lajan nan pòch tout moun. Konsa, li di ke li pa espere anyen de Ministè Agwikilti ki toujou ap fè demagoji sa yo e pi lwen lage moun nan farenn.

Comments are closed.